E sa pa gen lontan m damou yon ti menaj
Kap banm tan'l e k konblem
San presyon mwen fè li konfyans san poze kesyon
Men atansyon yon jou l vin rete kèm
Men l vin dim lap antre nan laj
Li bezwn gon fwaye e m paka ofril plis
Relasyon kounya s'on veritab
Pou jwenn yon moun kounya se yon
Zoklo toupatou s'on veritab
ck yon zanmi'l mwen renmen li konnen trè byen
Se nan plede trip mwen vin wè manzè renmen'm
Li vle privatize'm li bezwen gen tout kontwòl mwen
Fè jalouzi a chak fwa li wè'm ak moun mwen
San presyon li jere tout depans san poze kesyon
m te deja konnen'l nan yon relasyon
Li bezwen g'on fwaye e m paka ofril plis
Relasyon kounya s'on veritab
Pou jwenn yon moun kounya se yon
Zoklo toupatou son veritab
Ou mal panche ou pap rete
Ou mal panche ou pap rete
Lanmoun vin tankou kanaval
Wap pran nan pwès gagann nòmal
Pafwa'w pa menm wè kote kou a soti
Moun ki ba wou'l la se pa li ou remèt li
Sak nan maryaj ki gen mennaj
Pandan mennaj yo chaje mennaj
Trè souvan se nan zanmitay
Relasyon kounya s'on veritab
Pou jwenn yon moun kounya se yon
Zoklo toupatou son veritab