Se mwen’k pou di’n janm pat jwe
Se mwen’k pou di’n janm pat jwe e e
Se paske yo te konn brize kè an mwen
Player tankoum tap kiton fanm prè an mwen
Gras a li’m ka di ke’m pase laj foli a
Pa konn sa l fè poum ka kite lari a pou’m fon fwaye
Al di zanmi m yo lavi m chanje
Gon moun nan vi m kounya m respekte
Al di fanmi m yo kijan m konble
Mwen jwenn yon gras ke’m pat menm mande Bondye e e e
Afè plede soti, dòmi deyò a sa fini
Afè pou’m gen 2 3 fanm sou kote a sa fini
Afè pouw pa konn passeword nan telefòn mwen sa fini
Afè manti a tonèkraze’m sa fini
Kounya’m son liv ouvert, non’l grave nan chak paj
M pa gen foli matcho kounya’m gen foli maryaj
M pa nan kache ankò m poste foto’w e’m tagg ou
M santi’m pare cherie , lonje dwèt ou, men bag ou (Men bag ou)
Al di zanmi m yo lavi m chanje
Gon moun nan vi m kounya m respekte
Al di fanmi m yo kijan m konble
Mwen jwenn yon gras ke’m pat menm mande Bondye e e e
Di ansyen fanm yo pa rele m ankò
Di ansyen fanm yo pa tyeke m ankò
Mwen pa gen plas pou yo ankò
Yo pa gen dwa sou mwen ankò
2 je’m fèmen mwen pa wè yo
Yo di player pa konn chanje kisa???
Anmweyyy Baky kite deyò aaaa
Anmweyyy K-Dilan kite deyò aaaa