Tout lavim bay lanmou agogo
Yo virem tounenm plis ke boul gogo
Tretem egare, malgre mwen blese, M toujou eseye
Lanmou toujou ap banm vye kou nan do
Mwen te kwè M tap sispann
Domaj kè kap bat pa ka tann
Map bay tèt mwen ankò san limit
Men M pa rete plis ke w sèl exit
Pa peze sonèt siw pa pote bonè
Pa peze sonèt siw pa pote bonè
Se kòmsi w tap viv anndan kè M
Ou pale tankou w tap viv avè M
Istwa nou makonnen kou bag ak dwèt
Lavi ba nou egzakteman menm dèt
Mwen te kwè M tap sispann
Domaj kè kap bat pa ka tann
Map bay tèt mwen ankò san limit
Men M pa rete plis ke w sèl exit
Pa peze sonèt siw pa pote bonè (2 times)
Pa peze sonèt siw pa pote bonè
Pa sonnen siw pa pote bonè
Pa peze sonèt siw pa pote bonè
Pa peze sonèt siw pa pote bonè
Pa sonnen siw pa pote bonè
WRITERS
BbO beat, ZiLE Mizik, Mebel Brun, Jean Boutin