Menm sim m renmenw m pap ka kitew fem saw vle
Santiman m pap vin baw pase anba pye
M te padonew yon kantite fwa
M te baw tan pouw ka change sa
Siw pa konprann mwen m pap gen le chwa
Ti respèm nan m sansib pou sa
Gial gial ou fèm panse m te genyen best wife
Men w chita la wap plede waste time mwen
Pou saw fèm andire fow ta dim genyen worst life
Èske se foli si foli dim non
Ki fè chak jou m nan pinisyon
M santi li raz pou wap sal non w konsa
Devan je tout moun mte prezantew deja
Pa mandem paske mwen pa konnen
Rezon ki fè lanmou nou pa donnen
De je nan tèt mwen klere map tatonnen
Ou fè tout viw ap banbile
Kou kap ki pran van w vle file
Pou m viv avèk yon kè brize
N goumen tout la sent jounen
Lap difisil pou nou 2 ret ansanm
Ou fin tout ak tout sak andanm
Si w pa bezwen m anko sensèman
Mete m alez dim sa kareman
Cheri renmen w pa vle di poutan
Pou m ret avew si kèm pa kontan
Valè pwoblèm nandire yeah
Kounya nan bouche nou lanmou Kite yon gou anmè
Kounya fòk mwen ale yeah yeah
MELO ex mwen pral songem wi
Manman lage wi fòm lage yeah yeah map lage
Manman lage ou fèm pase twòp manman twòp manman