Mwen pa kwè lanmou egziste
Pou tout sa li fè mwen pase
Pou mwen l pa janm gen pitye
Si l ka kite m nan eta sa
Si l kite yo fè m tout dega sa
Si l ka kite m nan eta sa
Si l kite yo fè m tout dega sa
Ou fè moun mete m sou kote
Chak lè m eseye m pran wonte
Se nan fon kè w pike m ohh
Pa gen pesòn moun ki vle m
Yo refize mache pre m ohh
Si l ka kite m nan eta sa
Si l kite yo fè m tout dega sa
Si l ka kite m nan eta sa
Gade, sa se D, D, D-Singer papa!
Trak sa sanpousan nèg Okay.
(M pa gen kouraj, raj, raj)
M pèdi tout fòs mwen nan renmen
M pèdi plas paradi m nan renmen
(M pa gen kouraj, raj, raj)
Ohh m pèdi tout fòs mwen nan renmen
M pèdi plas paradi m nan renmen
Yo mache sou kè mwen san pitye
Plede ofri kè mwen san panse
Defye entèdi pou sa mwen vle
(M pa gen kouraj, raj, raj)
Ohh m pèdi tout fòs mwen nan renmen
M pèdi plas paradi m nan renmen