Pouki w pa vle m mennen w kot paran m?
Devan zanmi w kisa w vle m atann?
(Di mwen non di mwen non!)
Chagren lanmou mete m à bout
M vle konn sak genyen entrenous
Se pou mennaj ou avèk mwen?
(Di mwen non di mwen non)
W pa bezwen mande m ti kè m pale avè m
M konn byen sa m vle deja
Mwen gen tout rezon pou m ap doute
M pa vle ba w kè m pou w fè dega
Te kwè w di m se fwaye w te vle fonde
Nan relasyon met moun kwense moun
Ok m wè w vle m kole kole kole
E lanmou mwen m vinn pwone
M pap kapab non non non non non
M pa vle w fè m mal oh mal oh mal oh
Se pou mennaj ou avèk mwen?
(Eske se mari ou mennaj?)
Men tout moun ap di m ou pa chich
Ban m bon rezon pa fe kapris
Fè tout moun konnen ke m se mari w
Pouki m wè w kanpe yon jan pou w blo m
M ap peye bill lòt nèg menm nan do w
W ap ban m ak kiyè y ap pran nan bòl
Yon relasyon k bati sou zoklo
Se pou mennaj ou avèk mwen?
(Di m non di m non pou m ka konnen