M konn mari w pa la sa fè lontan
Vizaj ou di m kè ou pa kontan
Ou bliye gou se nan feyton w pase tan w
Deja nou gon anvi ki depase
An n al pi lwen ke kote bòn nou plase
Li pa enpòtan cherie pou nou konn kote n prale
Si devan nou wout la byen trase
Si w louvri tout pòt pou solèy antre
Si w louvri tout pòt pou solèy antre
M pap preche w enfidelite
Linivè a abondan bezwen w paka limite
Fò l pa kite li anpeche l
Zafè sila yo ki ta vle jije n
Nan koze lanmou pa dwe gen prejije
Li pa enpòtan cherie pou nou konn kote n prale
Si devan nou wout la byen trase
Si w louvri tout pòt pou solèy antre
Si w louvri tout pòt pou solèy antre
Chérie, men marchandiz garanti a
Lè nou mete wòch sou metal
Lè nou mete wòch sou metal
(N ap kite l kote li ye a)
Lè nou mete wòch sou metal
Lè nou mete wòch sou metal
(N ap kite l kote li ye a)