Ou di mwen se pa lanmou ki manke
Men sanble pou kenbe w li p ap janm ase
Mwen chita nan yon kwen pre papòt la
cp gade ou k ap rasanble tout koze w
Ni m p ap sipliye ou rete
Men se yon wout jefò li ye
Ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
Si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
Fè wout ou men pa vire gade m
W ap mandem pou m vin tout sa mwen pa ye
Men w konnen tout blese m yo andomaje m
Nou tou de konnen m pa yon ti bondye
Men m te dakò trennen si sa ka leve w
Ni m p ap sipliye ou rete
Pèfeksyon an se nou k kreye l