Y'AP WÈ L E M SÛR KE YO TANMEN
Gen twòp kè kap mal fonksyone
Twòp ògàn lanmou sanksyone
Mwen ak patnè'm yo still ap pale de sa
Tankou robo n' pral fonksyone
Frap sou frap nap adisyone
Se kon Nico lanmou pozisyone
Mwen ak patnè'm yo still ap pale de sa
Gen frap mwen pran nan lavi
Gen trayizon ke m sibi m sibi m sibi
Gen frap mwen pran nan lavi
Gen trayizon ke m sibi m sibi m sib
Ankò yon lòt nwit map pase je kale
De milye wap invitem lan map un peu décalé
Kè'm pran vye desizyon, moral mwen sou fè grèv
Jan yo t akeyi'm nan arène lan m pat menm pans'ak coup de glaive mwen menm
Ansyen amoureux, nouvo toxicomane
Tonbe lanmou, tonbe djab m pa yon super man
Bagay se pou moun ki brav, ki gen fòs, e mwen ou wè la pou'm goum'avèl m pagen kouraj sitèlman
M pa tap déçu si yo pat promèt
Men m pa tap vikti'm si yo pat komèt
Yo kite m pou twò parfait tankou Kaka deja
Y'abitye rejte m tankou sachè fatra deja
Se moun ki pase maladi ki...(degaje n di rès la)
Mimi still pè dlo fwèt apre dènye tès la
Manti nan verite, verite nan manti
Menm coeur ou wè k'ap embelli a lanmou pral anéanti l
Gen frap mwen pran nan lavi
Gen trayizon ke m sibi m sibi m sibi
Gen frap mwen pran nan lavi
Gen trayizon ke m sibi m sibi m sib
S'on pwen ou pran pou w plede ba n' gwo so sou fas ap grennen grenn dan nou?
Olye w still ap leve m fese m tankou m te pile po fig mi
Lè kè m pa brize l resevw'on kout pik
Lè tèt'anm pa kase l vire kon toupi
Ou koz sèvo m ak kè m toujou nan goumen
Sa k' pi di a chak lè m di m pap renmen renmen pou mwen
Sa'm g'avè w? Sak pase menm? Kisa m fòw
Ou pran plezi nan fè m delala pou jan m thug yoow pou jan m fò dawg
Sa vle di m poko kriye ase?
Lag'on bonm sou kè m ou fini paske ou aflije m ase mwen menm
Gen twòp kè kap mal fonksyone
Twòp ògàn lanmou sanksyone
Mwen ak patnè'm yo still ap pale de sa
Tankou robo n' pral fonksyone
Frap sou frap nap adisyone
Se kon Nico lanmou pozisyone
Mwen ak patnè'm yo still ap pale de sa
Gen frap mwen pran nan lavi
Gen trayizon ke m sibi m sibi m sibi
Gen frap mwen pran nan lavi
Gen trayizon ke m sibi m sibi m sib