LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Etranje

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
ETRcNJE

Verse 1

Ou ki bonè m
Ou ki malè m
Ou k twouble je m men ki fè m wè klè
Ou k fè m vibre lè ou touche m
Men ki ale si ou fache
Ou k deside ou k fè m poze
Ou k fè m kriye si w deplase

Ou ou ou ou ou ou ou ou

Ou ki kenbe m
Ou se rezon m
Ki fè m chante e depale
Ou fè m fè pwezi nan tout lari
Ou fè m pa pè si m pa gen anyen
Ou ki konble m lè lòt yo ale
Men ki lache m tou lè li vle

Ou ou ou ou ou ou ou ou

Chorus

Mwen pa konnen sa pou mwen panse
M pa ka sène w
Ou se yon etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou se yon etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye

Verse 2

Ou k ban m lebra nan fon lanmè
Poutan w neye m tousuit aprè
Ou ki rale m mennen m vini
Jis pou ka lage m nan lari
Ou mennen m pi wo
Pou ban m pi gwo so
Ou ban m kado pou byen vòlò m

Ou ou ou ou ou ou ou ou ou

Chorus

Mwen pa konnen sa pou mwen panse
M pa ka sène w
Ou se yon etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou se yon etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye

Ou se yon etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou se yon etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye

Ou ou ou ou ou ou ou ou ou ou

Bridge

M pa ka sène w
M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa ka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M pa ka sène w
M pa sène ki moun ou ye
Mwen pa ka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye

Se vre w dòmi kote m
Men poutan lè m leve
M derekonèt kò sa k ap karese mwen
Menm si figi a pa chanje

M pa sène ki moun ou ye
Mwen pa ka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M pa ka sène w
M pa sène ki moun ou ye
Doudou m pa ka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye

Bonjou bèl enkoni
Bonswa solèy nwa mwen
Ou s on pwazon sou lang mwen ki genyen gou myèl
Men men w sou po m mennen m nan syèl

M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye

O sèl lanmou mwen
O doulè dous mwen
Ou s on pikan ki bati kay li anba po mwen

M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye

M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye

WRITERS

Harold St Louis, Evenie Saint-Louis

PUBLISHERS

Lyrics © TUNECORE INC, TuneCore Inc.

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other