LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Cheri Dou Dou

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Cheri dou dou, kijan m vin fou pou ou
Chak lè'w souri, kè mwen pran dife tou
Cheri dou dou, map reve sèlman ou
Lè'w nan bra mwen, syèl la vin pi dou

Cheri dou dou, pa janm kouri kite'm
San'w nan venn mwen tankou mizik renmen
Kijan m ka viv si se pa avèk ou?
Paske chak souf mwen se lanmou pou ou
Lè'w pase bò kote'm, van an pran sant flè
Je'w klere sou mwen tankou solèy nan lè
Bouch ou dous dous tankou siwo myèl
Chak ti bo'w banm fè'm vole rive syèl

Ou danse dousman sou ritm gitar
Kò'w ap fè'm tranble anba clair de lune aswè ta
Mwen pèdi lespri'm nan jan'w ap gade'm
Tankou se nan rèv Bondye voye'w ban mwen
Baby vin pi pre, pa kite'm soufri
Lanmou'w fè kè'm bat tankou tanbou lannwit
Chak mo'w pale sonnen tankou mizik
Nan vi'm se ou sèl ki fè'm santi'm majik
Cheri dou dou, kijan m vin fou pou ou
Chak lè'w souri, kè mwen pran dife tou
Cheri dou dou, map reve sèlman ou
Lè'w nan bra mwen, syèl la vin pi dou

Si lanmou se lanmè, n'ap naje san fen
Menm lè tanpèt leve mwen pap lage men
Paske nan je'w mwen jwenn tout lavi'm
Ou se rèv mwen, ou se destin mwen

Ann danse kole anba limyè chandèl
Kite mizik lanmou monte rive syèl
Jiska dènye souf mwen m'ap toujou renmen'w
Cheri dou dou se nanm mwen mwen wè nan je'w

Cheri dou do
Kijan m vin fou pou

WRITERS

Jay Claude

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup IconThumbsup Icon
Theme

None