Ou se limyè mwen lè fènwa vle tonbe,
Ou se dlo nan dezè lè kè mwen te seche,
Menm lè tanpèt leve nou pa janm lage,
Paske lanmou nou fèt pou li pa janm kase.
Kenbe men mwen, pa kite mwen ale,
Nan bra ou sèlman mwen jwenn lapè,
Si mond lan kraze nou n ap leve kanmenm,
Paske mwen renmen'w plis pase lavi mwen menm.
Mwen sonje premye fwa mwen te wè je'w klere,
Tankou zetwal nan syèl Bondye te limen pou mwen gade,
Ou te souri dousman, kè mwen te pran dife,
Depi jou sa mwen konnen se ou Bondye te voye.
Nou soti lwen ansanm nan dlo ak mizè,
Pafwa nou pa t manje men nou te rich nan priyè,
Ou te konn kriye lè lavi t ap fè'w soufri,
Mwen te bo dlo nan je'w pou fè doulè ale lwen lavi.
Lè tranbleman pran kay nou anba pousyè,
Nou te dòmi anba syèl men lanmou te ban nou fòs frè,
Tout moun te di relasyon nou pap dire lontan,
Men nou tounen pyebwa ki kanpe kont van.
Ou se limyè mwen lè fènwa vle tonbe,
Ou se dlo nan dezè lè kè mwen te seche,
Menm lè tanpèt leve nou pa janm lage,
Paske lanmou nou fèt pou li pa janm kase.
Kenbe men mwen, pa kite mwen ale,
Nan bra ou sèlman mwen jwenn lapè,
Si mond lan kraze nou n ap leve kanmenm,
Paske mwen renmen'w plis pase lavi mwen menm
Mwen kite Ayiti pou m te chache lavi,
Ou te rete dèyè ak espwa nan je'w chak midi,
Mwen te travay lajounen, lannwit san dòmi,
Avèk foto ou nan pòch mwen pou banm fòs kontinye viv.
Lè mwen te tonbe se vwa'w ki leve mwen,
Ou te tankou zanj Bondye voye sou chemen mwen,
Tout lajan sou latè pa vo lanmou ou ban mwen,
Paske san ou nan lavi mwen mwen pa anyen.
Koulye a n ap danse anba limyè lalin,
Pitit nou ap ri pandan mizik ap jwe violon ak tambou byen,
Apre tout soufrans Bondye ouvri chemen,
Lanp lanmou nou ap klere jouk nan fen tan menm
Si mwen ta mouri jodi a mwen pap pè anyen,
Paske mwen te viv vrè lanmou nan bra ou cheri mwen,
Kè mwen make ak non ou tankou tatoo nan san,
Nou de se yon sèl nanm depi koumansman tan.
Kenbe men mwen, danse avè m dousman,
Ann vye ansanm anba syèl la pandan tan ap pase dousman,
Menm lè cheve nou vin blan tankou nwaj nan syèl,
M ap renmen'w toujou jouk Bondye rele nou nan syèl...