LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Verite m se lanmou (feat. Emeline Michel)

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Yon tablo ka genyen dimil koulè
Mil zetwal ka flannen nan menm syèl la

Genye dwat genyen gòch
Men listwa makonnen
Se tè sa nou gen poun regle zafèn

Nan pwen moun ki pafè
Men wap fè wap defè
Ou chwazi pou pentire lanfè

Pwazonen tout jaden ki tap donnen lanmou
Tenyen tout limyè ki te limen

Pwezi m pot mak kout kouto
Gen melodi k manke moso
Mwen son fèy kaye pawòl yo sikre sale
Men mwen konn verite m se lanmou
Pwezi m pot mak kout kouto
M gen melodi ki manke moso
M son fèy kaye ak desen yon SOLÈY
Paske Relijyon m se Lanmou

Woy pou janm renmen moun yo
M pa konn sa m fè moun yo (Bis)

Si lanmou se yon vis
Mwen pwal renmen pi plis
Map plante konfyans
Map pran lòt chans

Maske reyalite w
Mache bay fo mamit
Remèd pam verite m se lanmou

Se vre lavi toujou pote anpil sipriz
Chak jou pa toujou pot gwo kanbiz

Map siye dlo nan je m
Map preche verite m
Relijyon m verite m se lanmou

Pwezi m pot mak kout kouto
Gen melodi k manke moso
M son fèy kaye ak pawòl sikre sale
Men mwen konn verite m se lanmou
Pwezi m pot mak kout kouto
Gen melodi k manke moso
Men m son w fèy kaye ak dessen yon solèy
Relijyonm, verite m se lanmou

Verite m se lanmou
Relijyonm se lanmou
Se limyè k pentire chimen m
Verite pou yon jou
Verite pou toujou
Se lanmou ki solèy chimen m

Pwezi m pot mak kout kouto
Gen melodi ki manke moso
M son fèy kaye ak pawòl sikre sale
Men mwen konn destine m se lanmou
Pwezi m pot mak kout kouto
Gen melodi k manke moso
Mwen son fèy kaye ak desen yon SOLÈY
Relijyon m Verite m se Lanmou
Se lanmou
Se lanmou
Se lanmou

WRITERS

Darlin Johancy Michel, Emeline Michel

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence