LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Li Dous

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
LI DOUS

5”3, Men yap fè w la Lwa Ou mèt chèf deta Menm si ou te wa Pale anpil la yo fò nan sa Fè silans sa son w lòt traka mounn a tanperaman delika Lè yo eksploze son w iwochima

Men lè yap baw lòv Wa sezi wè w pat janm konn gou siwo Yo fè lanmou nan yon lòt nivo Se nan w barik myel ou tonbe wap kole

Refrain Li dous , Li dous Depi l kout li fout dous

Chiquita , Bonita , Cariñosa , Nerviosa Map chachon w bèl ti madanm byen kout Ansanm pou n fè la wout M pata swete l fè m fè sik, ni pou m ta fè tensyon Moun sa yo trè sou pik yo nan bay afeksyon Men son w ot tensyon telman yo pot chalè E yo bay son pase nenpòt opalè

Men lap ba w lòv wa sezi wè w pat janm konn gou siwo yo fè lanmou nan yon lòt nivo Se nan w barik myèl ou tonbe wap kole

Refrain Li dous , li dous Depi l kout li fout dous

Kreyol La , Hit faktori a Mete nan lavi w yon bèl bout fanm kout

Ti boubout mwen, fanm dous mwen Ti boubout mwen, se pa ti dous non

Pi dous pase rapadou, se yo Yo gen dòz pou fè w damou, se yo Y anmèdan, yo bay lanmou Depi w goute wap tou kole

Kreyol La, Hit faktori a Mete nan lavi w yon bèl bout fanm kout

Ti boubout mwen , fanm dous mwen Ti boubout mwen, se pa ti dous non

WRITERS

JOSEPH JUNIOR ZENNY, MICHEL GAETAN DULYX, WILDER JEAN PIERRE

PUBLISHERS

Lyrics © TUNECORE INC, TuneCore Inc.

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other