Sa pwal fè twa mwa n kite
Mwen panse ou t ap gentan ekri m
Kòman absans ou boulvèse lespri m
Mwen lamante, mwen kriye prèske fou
M rete m kouche, je m louvri jouk li jou
Zanmi w yo di m ke ou move-on
Se byen gad jan bagay yo bon nan men w
Sanble misye pa yon move moun
M ap byen swete nèg sa vreman renmen w
Lide sa ta vle fè m pèdi tèt mwen
Kè ou kontan pandan mwen plen chagren
San ou m santi kè mwen vle chavire
Dlo nan je m fè m parèt dezespere
Li pa dous, oh li pa dous
Si w ta ka wè jan lespri mwen boulvèse
Se prezans ou ke li ap reklame
Li pa dous, oh li pa dous
Li pa dous, li pa dous, li pa dous
M p ap pwal chèche pwoblèm pou m mete nan kò m
Men m anvi pase lakay ou, pou m wè si w anfòm
Gen anpil bagay m anvi di w si w ta ban m yon chans
Mwen ta renmen ou konnen, cherie à toi je pense
Kiyès ki te konn ba w pi bon feeling
Ou paka di que c'est du passé
Jan m te lòv ou an ou pa t janm lase
Pa meprize m, now I'm in your face cheri gade m nan je
Pou jan w fè m viktim pa kouri wap rete
Pou m ban m verite pou w di m si w te renmen m
Se sèl sa m bezwen cheri nan men w
Ou parèt san kè genlè ou pa wè
Ke w ap detrui mwen, ke mwen atriste
M ap touye tèt mwen pou yon moun ki pa vle m, ki pa vle m
San ou m santi kè mwen vle chavire
Dlo nan je m fè m parèt dezespere
Li pa dous, oh li pa dous
Si w ta ka wè jan lespri mwen boulvèse
Se prezans ou ke li ap reklame
Li pa dous, oh li pa dous
San ou m santi kè mwen vle chavire
Dlo nan je m fè m parèt dezespere
Li pa dous, oh li pa dous
Si w ta ka wè jan lespri mwen boulvèse
Se prezans ou ke li ap reklame
Li pa dous, oh li pa dous
Li pa dous, li pa dous, li pa dous