Mwen twomatize chak fwa m gade kabann lan
Paske se la l te kouche bòkote w lan
Mwen twomatize chak fwa m gade fenèt lan
Paske se la l te pase sinon m tap pran prizon
Men cheri se ou ki te konn ban m bèl lanmou sa yo
Poukisa se ou kounye a k ap ban m kout kouto sa yo
Fason w dòmi nan bra l, ou twomatize m
Jan w tap bay li lòv la, ou twomatize m
Pa menm ka gade kote w te kouche
Ou twomatize m, ou twomatize m
Ou te prezante m li kòm yon zanmi danfans
Mwen te dwe sispèk lè w te di m w ak medam yo
Pandan l te fè inè di maten
Tout lòv ki nan kè m, ou deja konnen
Tout plan m te gen pou ou, ou deja konnen
Kè m kase, m toumante, lespri m boulvèse ohhh
Gad kijan m jwenn ou avèk yon lòt
M pa kwè nan kama, m kwè nan jistis Bondye
Yon jou va vini kote ou va regrèt
Fason w dòmi nan bra l, ou twomatize m
Jan w tap bay li lòv la, ou twomatize m
Pa menm ka gade kote w te kouche
Ou twomatize m, ou twomatize m
Because of you my heart is broken
Being with you has been my greatest sin
I want my heart back, I want my heart back
You know the damages you have done
I will not hear anything you say
Your words are like poison anyways
I want my heart back, I want my heart back
Jovans dwèt pèseverans lan