LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

NOU PA MOUN ANKOR

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Nan met linèt soley nan je lalin
Nan fonse nan fè nwa ak tout boulin
Mou pèdi la rezon, nou pedi la rezon

Nan chache samble sa nou pa ye
Nan penyen lage, mache gaye
Nou pedi direction, nou pedi direksyon

Nan krache sou senbòl ki te banou libète
Pou nou te existe
Nan vomi lan bòl paysan'k pa sispan plante
Pou banou mange

Nou preske pa moun ankor
Nou Pa Nou Pa
Nou preske pa moun ankor
Nou bliye sak fen ayisyen (Bis)

Nan pandye rèv nou tet anba
Nan pimpe krèm peyi'n la ba
Nou san destinasyon
Nou san destinasyon
Nan rele viv ou byen aba
Nan goumen nan move komba
Nou bay indiyasyon
Nan ouvè pòt pou tout vye adjipopo antre
fyète 'n vire lanvè
Nan mete galipòt gagote sa nou posede
Nou pèdi pou revè

Nou preske pa moun ankor
Nou Pa Nou Pa
Nou preske pa moun ankor
Nou bliye sak fen ayisyen (Bis)

Nou femen je'n pou'n pa wè
Nou femen kè poun pa wont (Bis)

Machine lanmò a pèdi fren
Lap roule je fèmen
Kombien san'k pou koule
Kombien rel ki pou rele (Bis)

WRITERS

RICHARD CAVE, ROOSEVELT SAILLANT

PUBLISHERS

Lyrics © TUNECORE INC, TuneCore Inc., O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Sadness

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence

From This Artist