Apron ti tan mwen te kwaze avek manzè
Li byen kanpe le'l ap mache
Mwen pa gen foli ni m'pa di m'se jènjan
Kounya M'gen 2 fi nan lavi'm an men'm tan
Bagay yo konplike mwen paka esplike'l
Mwen pa vle nan pwoblem paske'm renmen
Gade janm renmen de moun de moun
Eskew janm remen de moun de moun
Mpaka fann kèm an de poum bay chak yon moso
Mwen pa konn sa poum fè pou'm pa tonbe nan cho!
Gade janm remen de moun de moun
M'pat janm konnen vi sa te difisil
Le yo de ansanm mwen mete'm trankil
Kèm ap eklate wa dim pran 10 misil oh
Chak fwa lèm soti fòk li ban'm ti tcheke
Avèk bon zanmi'l map fè ti jwèt
Mwen pa vle pèdi ni sak ni krab
Mwen ka pèdi tou de epi sak pi grav
De pyem nan sèl grenn soulye
Gade jan'm renmen de moun de moun
Eske'w jan'm renmen de moun de moun
M'paka fann kèm an de pou'm bay chak yon moso
M'pa konn sa pou'm fè pou'm pa tonbe nan cho
Gade janm remen de moun de moun
Jodi a m'deside pou'm konfese
Men mwen pa wè kote pou'm kòmanse
Fòk mwen di mennaj mwen M'gon lòt mennaj
Map dil sa Kounya man avan li tro ta
Mezanmi gade sak pare pou mwen
Apre sa pa gen retounen ye e ye
Gade jan'm renmen de moun de moun
Eske'w jan'm renmen de moun de moun