Li ka fè w souri li ka fè w souri
Ou ka siwote l ou ka siwote l
Lavi gen-on jan lapresye w
Gen-on jan pou w karese l
Lavi gen-on jan lapresye w
Gen-on jan pou w karese l
Li ka fè w anvi l li ka fè w anvi l
Li ka fè w trennen li ka fè w trennen
Lavi gen-on jan lapresye w
Gen-on jan pou w karese l
Lavi gen-on jan lapresye w
Gen-on jan pou w karese l
Destine w pa bati sou desizyon lezom
Pa gen kondisyon nan sa k pou ou
Lè l pi fè nwa se-on lòt jounen k pral komanse avek anpil espwa
Men fò w konn kijan pou w jere
Lè l ba w konnen vreman w merite sa
San fè gagòt fè byen ak sa l ba ou
Lè l ba w konnen vreman w merite sa
San fè gagòt fè byen ak sa l ba ou
Ki pa fidel k ap toujou chanje
Li prete de zye pou l gade w
N ap rive-on lè n pap ka kanpe
Nan kouchèt ak figi n plise
Se-on pasaj ki pap eskive
Se konsa li pran san li pou l frape w
Lavi gen-on jan lapresye w
Gen-on jan pou w karese l
Lavi gen-on jan lapresye w
Gen-on jan pou w karese l
Lè l ba w konnen vreman w merite sa
San fè gagòt fè byen ak sa l ba ou