Si nou te konnen konsekans demen lavi t ap pot pou nou
Anpil nan nou t ap viv ak "si m te konnen"
Si kreyon lavi te gen efas mwen kon n anpil nan nou
Tap efase anpil chapit nan zèv nou fè ouh
M pap kesyone grandè bondye
M ap mouri ak yon anvi konnen
Pouki moun ou fè byen se pa li k rekonpanse w demen
Pito w veye kot w ap met pye w
Pou moun sa pa vin n pi gwo enmi w
Ase souvan sa se rezilta lavi pote
Mwen la pou ou pouki w pa la pou mwen bagay sa pa fè sens
Sa se yon fòs kote n oblije aksepte
Men yon ti gratitid mwen pa kache di n t ap fè anpil sens
Si nou vle la nati ap ba nou dwa fè sa
M pap kesyone grandè bondye
M ap mouri ak yon anvi konnen
Pouki moun ou fè byen se pa li k rekonpanse w demen
Pito w veye kot w ap met pye w
Pou moun sa pa vin n pi gwo enmi w
Ase souvan sa se rezilta lavi pote
W ap mache fè moun pou mwen paske l fè w mal
Men poukisa lè Bondye banm opòtinite pou m fè byen ave w
Ou pa mache preche l tankou-on levanjil?
Nou kon n moun ki fè nou byen
Men nou pito lage-on pil tè sou non moun sa
Epi nan malè l pou n fè "ti pil gwo pil"
Kliché nou pa gen pri men nou chè
Se kè mwen ki bon m pa fè anyen pou sa
Se gade m gade mwen wè m fèt konsa
Se kè mwen ki bon m pa fè anyen pou sa
Se gade m gade mwen wè m fèt konsa
Menm si ou fè tout vi w ap fè moun byen
Lè w resi di ou pap kapab yon jou
Ou gentan bon pou w mouri antere
Gade-on zen pouki lezom renmen bliye
Si m gen pou m fè l ankò m ap fè l san fwa
Paske se moun sa mwen ye menm nan fè nwa
Ti non gate m se bòs bay ede san chwa
Se pa repwoch men pa pran bèl ou
Nan lèd mwen non li pap fè m byen
Paske lè w ap fè byen w ap jwenn mal
Se yon bagay ki fatal oh-oh-oh-oh-oh
Menm si ou fè tout vi w ap fè moun byen
Lè w resi di ou pap kapab yon jou
Ou gentan bon pou w mouri antere
Gade-on zen pouki lezom renmen bliye
Si m gen pou m fè l ankò m ap fè l san fwa
Paske se moun sa mwen ye menm nan fè nwa
Ti non gate m se bòs bay ede san chwa
Se pa repwoch men pa pran bèl ou
Nan lèd mwen non li pap fè m byen
Paske lè w ap fè byen w ap jwenn mal
Se yon bagay ki fatal oh-oh-oh-oh-oh
Se kè mwen ki bon m pa fè anyen pou sa
Se gade m gade mwen wè m fèt konsa
Se kè mwen ki bon m pa fè anyen pou sa
Se gade m gade mwen wè m fèt konsa
Hello le peuple souverain
Manje a kwit manje a kwit
Menm si ou fè tout vi w ap fè moun byen
Lè w resi di ou pap kapab yon jou
Ou gentan bon pou w mouri antere
Gade-on zen pouki lezom renmen bliye