LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Anakaona

+2 Others

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Wo Lo! Loy!!!
Ti frè ti frè lan pwen mistè lan mete lod lan kay la
Sistè sistè wi li posib pou jwenn la pè lan baz la

Gen lot peyi ki te pi mal
Yo mete tèt ansanm yo pote chay
Gen lot kote ki tap pran fay
Yo mete tèt ansanm, pou peyi yo ka janm
Gason, kou fanm, boule, kou flanm!
Pou mounn sa yo, mwen ka bay sanm

Ann ale ann ale
Wa pase pran m Ma pase chèche w
Mwn sonje Anakaona, Kaonabo
Yo ki te mouri pou nou te ka viv
Ayibobo! Ayibobo pou yo!
Tire kano w peyi fè m konen nou la...
Ayibobo! Mwen di Ayibo bow! Bow! Bow!
Sak pa vle vanse, kite nou ale...

Ann ale! Avanse pa m yo!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Ou Anakaona mwen Kaonabo
Nou pa pè mouri pou peyann ka viv
Alleluya! Alleluya pou nou
Tire kano w Ayiti fè m konnen w la...
Alleluya! Alleluya! Ya! Ya!
Sak pa vle vanse, kite nou pase...

Gen lot peyi ki te sou ray
Yo mete tèt ansanm yo pote chay
Mwen di w gen lot kote brodè ki tap pran fay

Yo mete tèt ansanm, pou peyi yo ka janm
Gason, kou fanm, boule, kou flanm!
Pou mounn sa yo, mwen ka bay sanm

Ann ale ann ale
Wa pase pran m Ma pase chèche w
Mwn sonje Anakaona, Kaonabo
Yo ki te mouri pou nou te ka...
Ayibobo! Ayibobo pou yo!
Tire kano w peyi fè m konen nou la...
Ayibobo! Mwen di Ayibo bow! Bow! Bow!
Sak pa vle vanse, kite nou ale...

Ann ale! Avanse pa m yo!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Ou Anakaona mwen Kaonabo
Nou pa pè mouri pou peyann ka viv
Alleluya! Alleluya pou nou
Tire kano w Ayiti fè m konnen w la...
Alleluya! Alleluya! Ya! Ya!
Sak pa vle vanse, kite nou pase...

Woy woy

PUBLISHERS

Lyrics © TUNECORE INC, TuneCore Inc.

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

From This Artist