LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Senatè Lan Pèpè

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Map ba w ou lan boul figi w!

Yo te parèt de pye de men
Ayiti vin chèche la vi
Nou fè yo kwè gen yon demen
Jodi a se yo kap detwi n
Lan tout geto yo ban nou bal
Zam etranje tiye lokal
Pitit yo lekol a Pari
Lekol pa nou pa ka louvri

Ki jan yo ta fè renmen nou
Si nou pa ka renmen tèt nou non
Yo makonen nou lan w sistèm
Pou fè nou detwi frè n ak sè n

Yo se pi bon zanmi lenmi n
Yo met avè l pou kenbe nou lan chenn
Yo pran kouran n , yo pran diri n
La dwan, ak wout, ak lò n ak tè n

Fanmi nou te mèt renmen yo
Yo pap janm remèt anyen

Yatchte Atis,
Yatchte depite
Yatchte limena
Yatchte gouvènman
Senatè w jwen sa lan pèpè


Yatchte minis
Yatchte la jistis
Yatchte a tou fè
Yatchte jounalis
Senatè w jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè

Yo te parèt de pye de men
A lòs peyi yo pate bon
Nou fè yo kwè gen yon demen
Men ya p vòlè nou pa milyon

Ayiti cheri louvri je w
Pa rantre lan jwèt moun sa yo
Se nou ki pou sove peyi n
Ke yo tounen nan peyi yo

Ou vle bay lèd imanitè
Men w pa konn sa k imanite
Si ou te kon ede peyi
Ayiti ta yon paradi

Ou vle bay lèd imanitè non! (5 fwa)
Pran maladi w kite m an pè
Si ou te kon ede peyi
Ayiti ta yon paradi

Fanmi nou te mèt renmen yo
Yo pap janm remèt anyen

Yatchte Atis,
Yatchte depite
Yatchte limena
Yatchte Gouvènman
Senatè w jwen sa lan pèpè

Yatchte minis
Yatchte la jistis
Yatchte a tou fè
Yatchte jounalis
Senatè w jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè

Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou n mache men nan la men
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt non
Nou fèt pou nou sèl mèt tèt nou.
An nou mache men nan la men
Pou Ayiti ka vin pi bèl oh!
Ann nou, an nou, met tèt ansanm
Pou Ayiti o non Zansèt yo.

Atis yo leve tèt nou
Pa kite yo achte nou
Depite, limena, limena depite louvri je nou
Senatè retire vit fimen an pou m ka wè ou
Se pou nou wa p travay
Sa se si wa p travay
Way! la jistis O

Jij jije m byen
Pa jije m isi, pa jije m lòt bò, jije m la
Woy!
Jounalis pale byen
Pa pale tenten pa pale A A pale klè

PUBLISHERS

Lyrics © TUNECORE INC, TuneCore Inc.

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

From This Artist