TI MARI PA GEN MANMAN, LI PA GEN PAPA
YO PRAN L, YO FÈ L SÈ VI BÒN, YO PA JANM VOYE L LEKÒL
E SI LI PASE LÈBÒN, Y AP SIMEN BATON SOU KÒ L
TI MARI SE RÈSTAVÈK, YO DI S ON TIMOUN KI BÈT
BONDYE GAD JAN ON TIMOUN RÈK, FÈ MANJE, LAVE, PASE
YO DI SE POU SA L SOU TÈ, SÈVI MOUN, AL LAN MACHE
SE SA SÈLMAN YO VLE L FÈ, YO VLE L FÈ
L AL KAY YON FRÈ L KI BÒKÒ
L AL SEKWE TÈ, L AL JETE DLO
L AL FON TI MONTE PIWO, PIWO
POU L SA PALE AK NÈG ANWO YO
L AL FÈ JE LI KOULE DLO MEZANMI
SE PA LI Y AP MET SOU KWA
TOUT MOUN A GADE L KWÈ MOUN
SOU LATÈ TOUT MOUN SE YOUN
ROUDLÒK DI JOU VA JOU VYEN, PITO SA KE MALGRE SA
LAVI A TANKON YOYO, SA K ANBA GEN POU L ANWO
WOY! VANDREDI SWA L AP TRAVAY
L AL KAY YON FRÈ L KI BÒKÒ
L AL SEKWE TÈ, L AL JETE DLO
L AL FON TI MONTE PIWO, PIWO
POU L SA PALE AK NÈG ANWO YO
L AL FÈ JE LI KOULE DLO MEZANMI
SE PA LI Y AP METE L SOU KWA
DI MWEN KONBYEN SAN MANMAN KI PETE FYÈL TI FANMI YO
MA DI OU KONBYEN SAN MANMAN KI MERITE NOU FANN TWA YO
DI MWEN POU KI LAN PEYI D AYITI TIMOUN AP MOURI
DON LEDRANO NON LANATRI MANHANN DIRI BA YO DIRI
MEZANMI LESPRI M LOUVRI, MEN LESTOMAK MWEN SERE
MWEN KONN LI, MWEN KONN EKRI, MWEN TA RENMEN KONN MANJE
LAN LOPITAL PÒTOPRENS, TIMOUNN YO PA KA KRYE
LAMITYE PINGA W BLIYE, GEN YON JOU SA VA CHANJE
PA BEZWEN PALE, PA BEZWEN KRIYE
ROUDLÒK AP CHANTE, SE POU NOU TANDE
PA BEZWEN PALE, PA BEZWEN KRIYE
E SI YO VLE L POTE LAKWA, SI YO VLE L POTE LAKWA
POU FRÈ L YO AK SÈ L YO, MEZANMI!
AY! YO GEN DWA METE L SOU KWA
AYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAY!
AYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAYAY