M' f'on rèv, m wè cdan ak Èv ki fache pou on koulèv
ca s'on prèv, m we jezi ki fè malèt li ki dim lap vini
Se bon rèv, li lèli tan poun sispann fè mal repanti
Fè bon zèv, voye je'w anlè a, w'ap wè'l
Men'l anlè a, men'l anlè a, l‘anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li
Menl anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li
M' reve m' wè'm nan “Jardins d'Eden”
Se pa EDH, pa gen limyè etènn
Pa gen Janvier, pa gen jan m' vle
Pa gen tonton nwèl, pa gen zetrèn
M wè Èv goute pòm nan men sèpan an
Lè'm voye je'm se sak devan'm nan
Youn pou cdan youn pou sèpan an
M sezi m we Caïn tiye cbel
Sa vle di sèpan se senbòl satan
Nou jwen la haine depi nan kòmansman
Depi nan kòmansman lanmou pèdan
Ou fè “tour de Babel” pou'n ka fè diferan
Fè diferan, pale lang diferan
Nou pale lang diferan nou pa vle fè lapè
Nou fè lapè nou fè lagè, men kounye a dife pran
Rete m rete m sot nan vant manmanm, Yo di dim m ayisyen
So chak sa m fè ki bon se maji so m manjisyen
Kòm m nwa, tout sam vle fè tou nwa
Lavim son chanpyona, m te ka genyen kòm se mwen'l tounwa
Men'l anlè a, men'l anlè a, l‘anlè a lap vini
Repanti, repanti, ret tann li ret tann li
M leve poum pipi m tou paka,
On ti il tou piti kou tou kaka
Ou trase'l an 2 tankou kata
On bò pale kreyòl, on bò habla
Nan men “grandes puissances” yo nap pran frap la
Sin te met tèt ansanm nou patap la
Gen sa ki di'n pa pitit kris pou mwen se sa'k pi tris
Yo di'n fèt a limaj de Dieu, poutan se sa'l ye vre
Chak lè'm met pye'm anndan legliz
M still nan rèv la an 94, Tankou kè Baky anndan kès leta vid
La nou an 84 bagay yo pi tchak, Duvalier ap piye nou pa gen likid
Sigarèt 2 pwent lan toujou ap limen
Jiska prezan nou paka fimenl,
Te vle kontre “cnténor Firmin”, anba solèy poutan se lalin
Fyète pou mwen se Henry Christophe,
Capois LaMort, Toussaint, Dessalines "