Tout sa’m fè pou ou sanse pa janm sifi
Pote flè ba ou pou montre’w janm renmen ou
Tout sam eseye ou pran pòz pa konprann
Chabon dife kèm boule fè sann
Lawouze benyen’m espwa’m ap tann
Di’w bèl pawòl tou apwouve
Ou Fè komsi’w pa wè ou pa tande
Sanble’w pa wè mwen aflije
2 pye’m mare nan yon grenn soulye
Syè’m vle bay vag men kèm kenbe
Genlè’w pa wè mwen anvoute
Pouki’w met kèm en attente
Pou’m jwen feu vert pou’n vire
Lanmou’w mvle’w pote banm
Mpa vle sou mwen’w eskive
Pasyans mwen preske bout (yeah)
Fèm pa ka tann ankò pou’n fè lanmou
Lèv mw grangou l pa ka pran gou (yeah)
Nan oseyan saliv ou m vle’l nwaye doudou
E Si ti kè ou ta va ròklò
Mprèt pou’m fè ajan tounen lò
Pouki’w met kèm en attente
Pou’m jwen feu vert pou’n vire
Lanmou’w mvle’w pote banm
Mpa vle sou mwen’w eskive
Poum ekate de santiman dwòl
Poum ekate de santiman dwòl