Ak men ou, se ou'k te kreye'm
Ou fòme tout pati k'nan mwen
Ou kite'm ak tout volonte'm
Se mwen'k chwazi chimen pou'm pran
Poutan l'tap pi bon si m'mache
Ou se Bondye k'pa janm prese
Mwen remet ou tout bagay nan vi mwen
De fwa m'konn chwazi pran devan
Poutan le m'gade pi devan
Wout la pyeje, chaje touman
Se ave'w tout bagay fasil
Yo pedi tout fos le'w anvayi
Ou se Bondye'k pa janm prese
Mwen remet ou kontwol mwen
Se ou'k te dim vin jwenn ou
M'nan men ou kè poze, oh oh
Jodi a m'pran desizyon chanje
Tout sa ki rann lavi mwen konplike
M'pap panse ak sa ki pral rive
Se ou'k te dim vin jwenn ou
M'nan men ou kè poze, oh oh
M'nan men ou ke poze paske
Ou gen kontwol tout bagay
Mwen tonbe chak fwa m'eseye
Pèsonn pa banm men poum leve
Jodi a m'deside repanse'l
Fe sa ou vle san m'pa kesyone'l
Volonte'w pa gen pi bon chwa pase'l
Mwen remet ou kontwol mwen
Mwen deside remet ou tout
Mwen vle swiv wout ou yo net ale
Mwen tonbe chak fwa m'eseye
Pèsonn pa banm men poum leve
Jodi a m'deside repanse'l
Fe sa ou vle san m'pa kesyone'l
Volonte'w pa gen pi bon chwa pase'l
Mwen remet ou kontwol mwen
Mwen deside remet ou tout