M gen bagay serye m pral regle
Trèz alèz kòm blèz chèz kage
Tout d un coup dèyè m tand on sirèn
Lè m f on coup d oeuil m gade m wè s on ti rèn
Lap avanse sou mwen kaye ti plim nan men
Mesye sa m wè m pa sa pale
Li frape vit mwen Tok Tok m sezi
Pou jan m konnen m pè popo mezanmi
Gad jan zam li fè l byen manman
M tap fè l rale l sou mwen mete m haut les mains
Franchman m ta renmen wè l san li
Ay ou mèt arete m se mwen ki kase Kai la
Ou pa bezwen Jije m m konnen m koupab
Li di m s on criminèl e li ka wè Vayb la
E li pa bezwen linèt pou wè m s on mafia
Li mete m de bra dèyè do minòt inna mi wrist
Kontravansyon nan dada m Anmwey se pa ti case
Tout babylon ap siyonnen inna di place
On sèl grenn badman tout bèl chèf yo anvi chase
Wè yon bèl chèf konsa ou ka menm fou
Tèt vire ka pran w nèg san w pa menm sou
Fè w wè dè bagay dò ki pa menm true
Bèl ti chef mwen ka di w I Love You
Gad jan zam li fè l byen manman
M tap fè l rale l sou mwen mete m haut les mains
Franchman m ta renmen wè l san li