Allo best friend kòman w ye
M espere w bien gras a Dye
Sa m pral di w la deplase
Men m swete l pa fè w fache
Se sou trèz mwen m tap mache
Se pat ak Je sa a m te gade w
Men w konn lanmou kouman li ye
Li pull up lakay moun san frape
M goumen m lite poum reziste
Men m santi sa pi fò pase m
Se pou tèt sa m vin konfese w
Allo best friend kòman ou ye
Mwen pa pi mal gras a Dye
Mwen te pran san m pou m tande w
Kounya se tou pa m pou m pale
Mwen pa nan plas pou m jije w
Ni m pa gen dwa kondane w
Se pat ak Je sa a m te gade w
Men w konn lanmou kijan li ye
Li antre nan kè w san envite
Mwen m goumen m lite m reziste
Men feeling sa pi fò pase m