G on chalè m santi lè w bò kote mwen
Si w wè latè boule konnen se sou kont mwen
Volume aksyon w yo fò ase
Cherie ou jwenn bout mwen Wi ou bon sou mwen ou valide
Fason ou fè m santi m byen Nan tout pwen ou valide
Tatou w sou kò mwen Cuz nan kè m ou valide
Ou si se jèn men ou valide
Tout nanm mwen frèt Lè w pa bò kote mwen
Si Mond lan fè glas konnen se sou kont mwen
Jès ou yo kont pou w fè m tande
Kijan ti kè w bat pou mwen
Bidi bidi bidi Banm Banm li sonnen
Cherie ou jwenn bout mwen Wi ou bon sou mwen ou valide
Fason ou fè m santi m byen nan tout pwen ou valide
Tatou w sou kò mwen cuz nan kè m ou valide
M pa konn si se wanga ou si se jèn men ou valide
Ou Banm tout Bebe San fè chich
Te g on epòk depi m g on fanm se pou m te plede fann
Lè y akize m kraze yon zòn pèsòn pat vle defann
Epòk papa pòno se epòk mwen tap lote fanm
Kounya m jwenn on fanm avè l map fè 24 è nan telefòn
Mete bag nan dwèt ou se sa lide
Map Poze kesyon kòman sa rive
Ou se Alfa epi w se Omega