Paran l te fè w konfyans avè l
Yo konn kite w nan kay avè l
Pa janm panse saw te ka fè l
Ou di l li mèt antre fèmen pòt pa pale
Pou w te ka f on ti jwèt avè l
Sak pi rèd la ou fin fè l avè li
Ou di l mèt al di yo pap kwè l
Pran plezi w menase li di l wap fè kale l
Ou di l li mèt antre fèmen pòt pa pale
Pou w te ka f on ti jwèt avè l
Mwen di a tout zye li plen dlo
Se Pa dwa m pou m jije w mwen se pechè tou
E m konnen domèn lòm nan se fè erè tou
Ke remò pa janm baw panse a tchwe tèt ou
Saw fè sou tè wap wè l sou tè fò w fout peye dèt ou
Eskize m si mizik sa a fè w enkonfòtab
Men li lè pou viktim lonje dwèt sou koupab
Paran tanpri pran sa an konsiderasyon
Lè timoun pote w plent mennen envestigasyon
Pou w konn si se vre si se akizasyon
Pito nou evite pase n mande padon
Pa kite pitit nou vaykevay pami jèn gason
Paske timoun nan bèl Èske l merite sa
Paske l byen devlope Èske l merite sa
Èske nap kontinye kase fèy kouvri sa
Mwen di a tout zye li plen dlo
Tout saw fè sou latè se li ou wè