LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Si

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Si jodi m’pran bato
Pou’m neyé kou’oun krapo
Nan mitan vag lanmè
Pou’m kabre lamizè
Si timoun pa grandi
Si pa menm ret peyi
Si tout’ bagay kwochi
Menm si’w pa janm sezi

Si tèt mòn mwen kale
Si m ‘aprann pou’m bliye
Si’m manje nan fatra
Si’m pran ranyon pou dra
Si tinèg lonje kwi
Douvan biwo «LONI»
Si lavi’n san zavni
Si Ayiti mouri

O o O o O o wo ou wo ou wo

Si tèt mòn mwen kale
Si m ‘aprann pou’m bliye
Si’m manje nan fatra
Si’m pran ranyon pou dra
Si tinèg lonje kwi
Douvan biwo «LONI»
Si lavi’n san zavni
Si Ayiti mouri


Se paske’w detripe’l
Ou pete blad tete’l
Se paske w’eksplwate’l
Ou kreve de grenn je’l
Ou s’oun papa lanfè
An ma drapo lisifè
Alòs de syèk an syèk
Je vèt vinn pi akrèk

WRITERS

BITOVA OBAS, JEAN WINER PASCAL

PUBLISHERS

Lyrics © Universal Music Publishing Group

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

From This Artist