Sa pa gen lontan ke nou kwaze
Jan'w banm lanmou an l'vle pran nanm mwen
Kòmsi m santi gon kote'w marem
Lanmou sa'w Banm nan detounen nwen
Lèm bò kotew m pa konn sil jou sil fè nwè
Menm lè'n pat pare pou Sa
Pa ta renmen feeling vin pran pye
Pa ta renmen feeling vin pran pye
Ou fè ti kèm ap bat san rete
Avan lontan pou ou map tonbe
Jwèt lanmou Sa bebi l'pa pou mwen
Tanpri pa dim tout sam vle tande
Ou dim Ou vle'l men'm pa posede'l
E poutan'w vle jwim ou vle'm baw tout jim
Lanmou sa'w vle a li ka toudiw
Preparem poum ba'w tout sak nan vi'm
Fè'w santi ke wap viv nan on fim
Lanmou sa'w vle a li ka detwiw
Bien trete'w, mal toumente lespri'w
Vire'w tou ron tankon toupi kite feeling
Pa ta renmen feeling vin pran pye
Pa ta renmen feeling vin pran pye
Ou fè ti kèm ap bat san rete
Avan lontan pou ou map tonbe
Jwèt lanmou sa bebi l'pa pou mwen
Tanpri pa dim tout sam vle tande
Ou dim ou vle'l men'm pa posedel
E poutan'w vle jwim Ou vle'm baw tout jim