Plis pase 30 an depi nap pase moun nan betiz
Tan pou n pot solisyn nou kreye pwoblèm kreye kriz
Kès leta nou an tounen yon sous kap vomi lajan
Depiw bezwn leve atè a chèche yon djòb anndan
Tout amelyorasyon. ki fèt fèt nan salè yo
Pandan yo pa konnen yon mèd nan misyon yo
Boujwazi salop, bann chèf san sèvèl pran n an otaj
Men kounyeya fò n rejte yo tankou pitit nn pasaj
Volè ap taye banda gran jounen
Tout sa ki te manjel di inosan yo ye
Si edikasyon se yon zam daprè mandela
Ebyn nèg yo manje tout bal ki nan chajè a
Yo prone zam, pwone dwog, yo fèn pete chawa
Yo rezime tout lavi nou avèk yon bout viza
Nan yon peyi tout sa k pase gen yon nap boule
Nan dosye sekirite on s'en remet a Dieu
Demokrasi demagoji 2 fas yon menm pyès
Nèg piye nèg ale pa gen pwoblèm pyès
Mize sou mizè pèp la pou yo milyonè
Jou pèp la kale je l n ap fè yon lòt vètyè
Nou kriye nou rele leta pa tande
Tankou poul n ap tonbe sa pa regadel
Grangou kap fyèl pa priyorite
Peyi m pap dirije anyen pap mache
Nou kriye nou rele leta pa tande
Tankou poul n ap tonbe sa pa regadel
Grangou kap fyèl pa priyorite
Peyi m pap dirije anyen pap mache
Bouke swen prezidan minis palmantè
Bouke bay lapire pou pwa n pa t manje
Domi sou fatra, manje nan labou
Gade moun k ap viv nou anvi viv tou