M' te panse se ou ki te desten m'
Tout promès yo te sanble, verite
Men kè m' fatige ap chache rezon
Pou m' kenbe yon flanm ki gentan etenn
Ou te fè m' kwè lanmou se limyè
Men ou te sèlman lafimen kap pase
M' ap kite van an pran sa l vle
Paske mwen konprann kounye a
Ou paka pèdi sa w pat janm genyen
Ou paka kenbe sa ki pa pou ou
Ou paka akroche w ak sa ki pa vle rete
Kwèm, depi l mekonesan, jis fè silans
Fè silans kè m ap aprann kite
Fè silans doulè a gen poul pase
Fè silans mwen pap kouri dèyè lonbraj
M'ap kite lanmou suiv chemen l
Mwen te twonpe tèt mwen ak bèl ilizyon
Men lanmou pa ka fleri nan konfizyon
Mwen pap goumen ankò pou sa k' pa pou mwen
You can't lose what you never had
You can't keep what's not yours
You can't hold on to something that doesn't want to stay
Fè silans kè m ap aprann kite
Fè silans doulè a gen poul pase
Fè silans mwen pap kouri dèyè lonbraj
M'ap kite lanmou suiv chemen l
M' ap aprann kenbe silans mwen
Yon moun ki pa fèt pou ou, ou dwe lage l'
Si se vre li pou ou, lap retounen
Fè silans kè m ap aprann kite
Fè silans doulè a gen poul pase
Fè silans mwen mwen pap kouri dèyè lonbraj
M'ap kite lanmou suiv chemen l
Ou paka pèdi sa w pat janm genyen
Ou paka kenbe sa ki pa pou ou
Mwen konprann sa kounye a