Konbyen'm vo, cheri cheri konbyen'm vo
Konbyen'm vo, cheri cheri konbyen'm vo
Mw tankou yon moun dezidrate
Ki bezwen sewòm oral pou remonte'l
E mw ba'w lanmou'm san mezire
Cheri m'pa vle (m'pa vle)
Cheri m'pa vle (m'pa vle)
Poutan devan zye'w (m'pa vle)
Poutan devan zye'w (m'pa vle)
M'tankou yon jinglezo (yon mawozo)
Kisa'm reprezante (m'vle konnen)
Pou mwen kon'n kisa pou'm fè
Fanmi, zanmi ap fawouche'm
Yo di m't pran'w tro serye
Pou konnya pou w'ap trete'm
Yo di'm ou pa't janm renmen en'm
Si w'ap mache sou fyète mwen
Zorye'm tounen sevyèt lannwit
Cheri m'pa vle (m'pa vle)
Cheri m'pa vle (m'pa vle)
Poutan devan zye'w (m'pa vle)
Poutan devan zye'w (m'pa vle)
M'tankou yon jinglezo (yon mawozo)
Kisa'm reprezante (m'vle konnen)
Pou mwen kon'n kisa pou'm fè
Konbyen'm vo, cheri cheri konbyen'm vo
An ale scoo scoo men gouyad
Fè san soti nan wòch m'santi'l se dlo
Tout saw santi pou m'dwe oze
Lanmou, lanmou pa bezwen lajan
Mw tankou (tankou) papiyon savan'n
K'ap bouske flè pou'l poze
Fè san soti nan wòch m'santi'l se dlo
Tout saw santi pou mw dwe oze
Fè san soti nan wòch m'santi'l se dlo
Tout saw santi pou mw dwe oze