Relasyon mwen avè w pat janm easy
Fache nou se sa k te pi fasil
Franchman dèfwa m santi m nwi w
Mande kè mwen pouki se ou l chwazi
Dèfwa tèt mwen ou vle fè pati
Men m prefere se ou k'ap fè m soufri
Malgre tout sa m ka di nan pye w m vle mouri
E menm si dèfwa nou pa sou menm longueur d'onde
Sa pa anpeche m vle wèw a chak seconde
E menmsi m ta leve vire do m ale
Ou mèt kwè m cheri se kè m k'ape rache
Se ou k banm fòs pou m avanse
M konnen yo di engra pa gen memwa
Wi m tap engra si nan vi m ta diw pa pot lajwa
Menm lè tout bagay tèt anba
Le fait que m konnen w la
Lanmou pa kyè ki moun ki gen tò
Mwen vlew pou tout tan gen tan
E menmsi dèfwa nou pa sou menm longueur d'onde
Sa pa anpeche m vle wèw a Chak seconde
E menmsi m ta leve vire do m ale
Ou mèt kwè m cheri se kè m k'ape rache
Se ou k banm fòs pou m avanse