Pafwa lè mwen santi mwen sèl
Pafwa lè mwen santi mwen sèl
Yon fenèt pou'n wè bote li
Yon bote ki fè je'n louvri
Avèg la wè chemen lakay li
Ede'm wè pi klè lè m'ap naje
Èske se konsa ou vle'm viv
Kole pyese vi'm ak adeziv
Lè'w gen lajan yo anpeche'w viv
Men lè'w pa gen lajan se nan peche'w viv
Pafwa lè mwen santi mwen sèl
Pafwa lè mwen santi mwen sèl
Se pa paske'm vire pou panse 'm ba ou do
Se ou k'ap premye pou met pye'w nan dlo
M'chaje kouto pwoblèm yo vle mete'm sou do
Genyen nan frè'm yo k'ale
Genyen nan sè'm yo' k pale
Kiyès k'ap ret la pou bale
Genyen nan frè'm yo k'ale
Genyen nan sè'm yo' k pale
Kiyès k'ap ret la pou bale