Lè w' pran m' nan bra w' tandreman
Kò w' atire mwen tankou leman
M' pa ta vle pou nou janm detache
Lè w' nan lari m' ap priye pou ou vini
Sa anpil moun pase vi y' ap cheche byen lwen
Sak ap pale yo di m' trò tizè
Men se konnen yo pa konnen
Anpriz lanmou w' genyen sou mwen
Men k' pa rive rivalize w'
Chak fwa nou fè l' li nouvo pou mwen
Kite m' di w' baby kisa ou vo pou mwen
Mwen pa anvi pase menm yon segond
Ou ka menm bay sa w' pa genyen
Ou pa deranje, pito l' la
Si w' jwenn chans yon moun renmen ou
Kenbe l' di paske gon lòt k' ap tann ou pèdi l' pou l' anvayi l'
Cheri an mwen, doudou an mwen