M'ap kontinye renmen malgre kout ba
(Chorus: malgré li konn gen gou anmè)
Map bay lanmou lanmen jouk sa kaba
(Chorus: jis sa kaba tonnè! Heyy)
M'deja gen gòm avèk chifon
E m' prè pou ti sa ki pot kè'l byen presye
Pou mwen proteje'l ak lanmou
Aprè soufrans se delivrans
Si'w vle jwenn yon moun ki la lè lapli,
Ki la lè sechrès, wi toujou la!
Fò'w pa pè louvri, kè ou bay lanmou
Menm si'w te tronpe'w youn ou deux fois
Mwen ka di'm fyè de kè mwen anpil fwa ki pran kou
Yo bouke kraze'l, yo matirize'l men l'ap mache toujou
Aprè soufrans se delivrans
Dlo nan je'm konn neye kè'm
M'konn sèmante m'pap renmen ankò
Fè gro diskisyon ak fanmi zanmi
M'konn menm parye m'pap renmen ankò
Dlo nan je'm konn neye kè'm
M'konn sèmante m'pap renmen ankò
Fè gro diskisyon ak fanmi zanmi
M'konn menm parye m'pap renmen ankò
Aprè soufrans se delivrans