LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Map Viv

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
M ap gade w k ap pwoche
Tanzantan w fè m grimas pou wè kote m ye
Se yon men sòl k ap simaye
M ap tann lè men pa m nan rive

Senk etwal ap kage
Yon lòt rekòt kafe m kòmanse bouke
Bouke jwe lago kache

M pral fè laplanch mwen sou do w
Wa va temwen karès mwen
Inosans ak tandrès mwen
M pral fè laplanch mwen sou do w
Wa va temwen konfyans mwen
Inosans ak tandrès mwen

(M ap viv )
Gwòg mwen nan w men, yon liv nan w lòt
(M ap viv)
Nan chak bouche lanbi boukannen
M kite rès la nan pla men w
Ou konprann sa m vle di
(Fò n viv)
M pral plede viv nan ekla ri m yo
(M ap viv)
Nan bay lanmou nan fè lanmou
(M ap viv)
Nan chak bouche lanbi boukannen
M kite rès la nan pla men w
M kè w konprann sa m vle di
(Fò n viv)
M pral viv lavi san kite rès

Sanble kè w kase
M koupe fache ak laperèz, m sevre l
Rega w ap ban m yo chofe san m
Kò m fè sèvo m demisyone

Ohhh leve pye w rive sou mwen
(Rive sou mwen)
M ap gade lè w m ap gade w m ap tann
Pull up sou mwen
(Rive sou mwen)
M ka fè w viv lanmou fou pou santan

M pral fè laplanch mwen sou do w
Wa va temwen karès mwen
Inosans ak tandrès mwen
M pral fè laplanch mwen sou do w
Wa va temwen konfyans mwen
Inosans ak tandrès mwen

(Map viv )
Gwòg mwen nan w men
Yon liv nan w lòt
(M ap viv)
Nan chak bouche lanbi boukannen
M kite rès la nan pla men w
Ou konprann sa m vle di
(Fò n viv)
M pral plede viv nan ekla ri m
(M pral viv)
Nan bay lanmou nan fè lanmou
(M ap viv)
Ak boubout mwen dèyè do m chak jou
M kite rès la nan pla men w
Ou konprann sa m vle di
(Fò n viv)
M pral viv lavi san kite rès

M deside jwi sa m pèdi yo
Tande woooo tande woooo
Yeah yeah yeah

M deside jwi sa m pèdi yo
Tande woooo tande woooo
Yeah yeah yeah

(M ap viv )
Hmmmm
M pral fè laplanch sodo
(M ap viv)
Nan gwòs kage sou do
M ap viv, m ap viv
Nou merite viv
(Fò n viv)
Oh oh m pral plede viv nan ekla ri m
M ap viv
Pa tou lè sen mwen sèmante
An verite mwen sèmante
M ap viv pou m prezan nan chak moman
Savoure chak enstan
Map viv
Fò n viv
M pral plede viv nan ekla ri m yo

WRITERS

DENER CEIDE, SHERLY DEBROSSE

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

Abuse and Violence