Lavinn ap trennen san lonè
Nanpwen lespwa tout rèv pran tè
Mizè fèn n tounen rejè kisa yo di
Lanmò krache tout bouch fè dlo
Bonjou gen sant kadav moun yo
Rigòl san sanble tounen zo kisa yo di
Grangou nan vant nèg pran fizi
Tout kwen lari se ti fifi
Eske nou nan lis dirijan peyi
Men yo te di soley ta pral monte
Yon non m ta pral chanje lavi yo
Pèp pa sispann pran kou tonbe
Li pa jwenn yon branch poul kenbe
Nan figil la yo pran tchuipel
Nou la nap anfonse nan tè
Kisa yo di men kisa yap fè
Sa yo fè nou la adje wooo sa yo fe nou
Sa yo fè nou la adje wooo sa yo fe nou
Sa yo fè nou la adje wooo sa yo fe nou
Sa yo fè nou la adje wooo sa yo fe nou
Sa yo fè nou la adje wooo sa yo fe nou