Pafwa lavi a konn vle bouche jew
Pafwa li konn menm vle dekourajew
Limyè laviw konn pa klere nan yon jounen
Sa pa vle di ke li tenyen
Menm lèw poko wè koman demen ap ye
Sonje lavi sa gen anpil sipriz ladann
Pa bouke lite ni pigaw desespere
Wi rèv ou se oksijèn lavi ou
Yon jou yon maten syèl la pran pale
Li pale lanmou, li pale lespwa
Menm lè ou poko wè kote pou ou pase
Travay ak lanmou, travay ak kouraj
Pa ret chita tann sa demen ap pote
Depi jodia trase wout siksèw
Saw plante jodi se li menm ou rekolte demen
Pa bouke lite ni pigaw dezespere
Wi rèv ou se oksijèn lavi ou
Karese rèv ou jiskaskel pa sispann fè jou
Ou se mèt destinew pigaw dezespere
Paske kle reyisit ou chita nan pla menw