Mwen fè yon mizik lòv sou yon beat rara
Tèlman m'sonje peyi m' etan mwen laba
M'ta al nan kanaval devan Mupanah
Pou m' tande Ayisyen k'ape chante
Jou nou tout deside met tèt ansanm pou sa chanje
Jou tout deside pou n' viv an frè sa va chanje
Se paske n' pa gen chwa n'al viv a letranje
Men viv a letranje konn pote dlo nan je
Pou tout sa nou tande ak tout sa nou sonje
Mwen ta renmen tande tout ayisyen k'ap chante
Jou nou tout deside met tèt ansanm pou sa chanje
Jou tout deside pou n' viv an frè sa va chanje
Jou nou tout deside met tèt ansanm pou sa chanje
Jou tout deside pou n' viv an frè sa va chanje
Ayisyen, Leve drapo a, leve li pi wo
Leve drapo a, leve li pi wo
Ayisyen nan lemonn antye, mizik sa a se pou nou l' ye
Pou n' sonje kote n' soti e kote n' vle rive