Chak fwa pou Mwen kilbite
Ou pa vle kitem tonbe, tonbe, tonbe
Ou dim fè laba, ou dim laa pa lam
Ou pa vle kitem swiv vwa mwen
Chak fwa kèm pale ak Mwen
Ou toujou kanpe anfas dezi mwen
Ou panse Mwen s'on nanm frajilize, e e,e,e,e
Se pou Mwen, se pou Mwen lavi mwen ye, e e
Se pou Mwen, se pou Mwen lavi mwen ye, e e
Chak fwa ou dim ou pap fè sa, ou pap fè sa ankò
Ou tounen pi red ou vin kraze le kò, kò
Anpil fwa nou pèdi tèt nou nan bagay nou renmen, renmen, renmen
Men plis fwa nou rejwenn nou gras ak renmen
M'sou yon pant map desann
Kitem ale, kitem degrengole
M'pa gen anyen map defann
M'pa konn demen, men m'pap Plenyen
Se pou Mwen, se pou Mwen lavi mwen ye, e e
Se pou Mwen, se pou Mwen lavi mwen ye, e e
Kitem ale, kitem plonje, kitem woule
Wi se sam vle, pou map desann degrengole
Pa lonje men banmwen kitem plonje nan ravin nan
Kitem ale, kitem plonje, kitem koule
Wi se sam vle, pou map desann degrengole
Pa lonje men banmwen kitem plonje nan ravin nan
Se pou Mwen, se pou Mwen lavi mwen ye, e e
Se pou Mwen, se pou Mwen lavi mwen ye, e e