Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm
Ou pa bezwen ap fouye telefòn mwen
Ou pa bezwen gen dout sou lanmou mwen
Ou se dènye kout kle mwen
"Baby", pa koute tripòtay yo
Y ap met may pou yo kraze sa
M kanpe sou tout lòt... lòt... lòt
M pa vle ba w matlòt... lòt... lòt
M pa gen lòt... lòt... lòt
Non, m p ap ba w matlòt... lòt... lòt
2 may sou chèn ou, mache gaye
2 may sou chèn ou (koral)
M pa kwè se avè m w ap pale
2 may sou chèn ou (koral)
M pa pre pou m pase tout tan
Nan yon relasyon k baze sou paran
Ou ta pran pou yon ti jwèt ak pil... ak pilll
Ou gade m kou yon egare... e
cl fè wout ou, m p ap rete
Pa vin di m ou pa gen lòt, doudou