Blakawout la fem santi m'envizib
Kite nou viv Fè peyim chanje
Limwè map mande'w tanpri fon'w klere la
Pou soley ka leve etenn tout fè nwa
Nan ki kondisyon nou kite fanmi'n laa
Lajistis vin tounen òlalwa
Twòp moun chita nan fè sak pa sa
Sa kap domi nan grangou chak swa
Pa gen moun ki ka manje lespwa
Deja konnen nou son pèp vanyan
Men nou pa vle kontinye viv nan mizè
Fow konnen nou gen fòs anndan
Gad jan yap pase'n nan kaka
Kounya yap vann nou sak pou nou
Yo Vle bloke nou nan fènwa
Se saw plante wap rekolte
Men tout lajounen nap sibi
Lajistis vin tounen òlalwa
Twòp moun chita nan fè sak pa sa
Sa kap domi nan grangou chak swa
Pa gen moun ki ka manje lespwa
Deja konnen nou son pèp vanyan
Men nou pa vle kontinye viv nan mizè
Fow konnen nou gen fòs anndan
Chèn yo blije kase nan tèt nou l'ye
Chèn yo blije kase se sa nou vle
Jilèt koupe fil la wè l'monte
Pou timoun kal lekol ap etidye
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Lajistis vin tounen òlalwa
Twòp moun chita nan fè sak pa sa
Sa kap domi nan grangou chak swa
Pa gen moun ki ka manje lespwa
Jilèt koupe fil la wè l'monte
Pou timoun kal lekol ap etidye
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Wo pason fize pap sispann lage pawol verite
Deja konnen nou son pèp vanyan