LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Bradsou Bradsa

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Gon w kesyon w renmen poze m
Ou konnen m pa sere koze
Ou vle m ba w pouki rezon
W ap tann eksplikasyon m
Ou vle pou m babye babye ba w

M pa ka di si w ap banm presyon
Oubyen si w pèdi konviksyon
Sa mwen gen kòm repons
Mwen ak ou gen menm misyon
Anyen pap janm kapab separe n

Ou di ou wè m chanje
Ou pa ka wè kote m ye
Ou pa bezwen enkyete w
Pòs radyo sa m pap chanje l
Ou pa between ebranle

Defwa m panse a kanpe
Men gon w ti vwa k di m kontinye
Cheri mwen dezole wout lanmou plen ling brize
Ou pa bezwen fache babye la

M konnen m bò w traka fè w jede dlo
Mwen fè m fè pou ta menm jete m tou
Men sa m fini pa konprann
mwen ak ou gen menm misyon
anyen pap janm ka separe n

Mwen konnen nou kapab nou gen fòs ak kouraj
Si nou ka la nou la toujou
M pa konn pou ou
Menm gen anpil lafwa nan nou

Konbyen fwa ou di m wale m la m ap gade w
San konte konbyen padon nou mande
Ou ka leve chak jou la w ap babye
Menm prefere tout sa ke separe
Mwen di nou fèk kare la

Nou nou fèk kare bradsou bradsa se sa l ye
Solèy nan kè n ka briye nou se marasa se sa n ye

Konbyen fwa ou di m wale m la m ap gade w
San konte konbyen padon nou mande
Ou ka leve chak jou la w ap babye
Menm prefere tout sa ke separe
Mwen di nou fèk kare la

Nou nou fèk kare
Kenbe seren lanmou nan kay sa
bradsou bradsa se sa l ye
Solèy nan kè nou ka leve
Solèy nan kè n ka briye
Nou se marasa se sa n ye

Se sa n ye
Se sa n ye
Se sa n ye
Se sa n ye

WRITERS

Dener Ceide

PUBLISHERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

LyricIQ Analysis

Top Emotion

Enjoyment

Sentiment
Thumbsup IconThumbsup Icon
Theme

None