Si w mande n kote m te ye
Map di w mwen te la m tap gade
M pap fè silans lè m son w via k pou chante
M pap tann balèn etenn pou m al fè penitans
Se pandan m ap viv mwen anvi
Pou m profite bay pèp plezi
Si gon erè k te fèt m korije l
Mwen toutou kontan tande lèzòm k ap di
mikwo pa m nan pèsòn moun pa ka etenn li
Gen koze k ka fon w nonm fremi
M ap boula sous misyon m fini
Gon w banm bèl melodi k polo chante
Gon w bann lòt bèl sijè pou al devlope
Je m klè pouki n di m ap dòmi
Pè las la l ap travay pi di
Pou yon nosyon ki fin degringole douvan n
Si w mande n kote m te ye
Map di w mwen te la m tap gade
Si w mande n kote m te ye
Map di w mwen te la m tap gade
Sa m obsève fè mwen ka pale konsa
Yon pakèt jèn serye talan yo ka klere tout kote
Pi fò nan yo y ap gade sou sa ki sot laba
Pouts m wè etranje fin anvayi zile ya
Si w mande n kote m te ye
Map di w mwen te la m tap gade
Si w mande n kote m te ye
Map di w mwen te la m tap gade
E si tout fwa gen nan nou k ta bliye sa
Peyi sa gen listwa l yon patrimwan
Si jodiya n devye nou ka korije sa
Gen lòt je k ap gade ann evite plis dega
Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwen
Ayiti plen richès toujou li enspire lanmou lanmou
Lewogan nou pase gresye n chita kafou
Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwen
Ayiti plen richès toujou li enspire lanmou lanmou
Respekte laviya nan Peyi ya Kiskeya ou Boyo
Lòtbò gen rit pa yo ak indantite yo
Respekte lavi ya nan peyi ya Kiskeya ou Boyo