E si se vre w tap ban m manti
Sa vle di w pat jan m renmenm vre
Ou fè tout vi w wap maltrete m
Sa pa gade w si map soufri
Menm si w nan kè m pa vle w rete
Ou konn doulè m men ou pap chanje
Chak sa ou fè manvi lage cha a
Map tou pase kay bòkò ò ò ò
Pou m sispann renmen l si fò
Map tou pase kay bòkò ò ò ò
Pou m sispann renmen l si fò
Si fò si fò (m tonbe pou li anko)
Si fò si fò (map tou pase kay bòkò)
Pase kay gangan pou m wÈ si m ta jwenn
Yon remèd ki pou wete m nan la penn
Si w ta ka wè m vire nan sak mistik
Fè wout mwen pa konen pran tout kritik
Fonw jan pou mwen map sipliye w
Mwen tonbe pou li ankò (ankò)
E m damou ankò pi fò (damou ankò pi fò)
Map tou pase kay bòkò ò ò ò
Pou m sispann renmen l si fò
E m damou ankò pi fò (damou ankò pi fò)
Map tou pase kay bòkò ò ò ò
Cheke cheke cheke cheke djazz ou
Bòkò vin sove mwen nanm mwen kite kò mwen
Ouvè baryè pou mwen mwen pedi tèt an mwen
Bon zanj mwen fin ale souf mwen preske koupe
Di on mo pou mwen souple pou m wè si ma chape yeah
Genlè genlè genlè genlè genlè mwen pral pran lwa a
Poze Tinico Genlè mwen pral pran lwa a
Poze Tinico men genlè mwen pral pran lwa a hey
Demare demare demare demare

PUBLISHERS
Lyrics © TUNECORE INC, TuneCore Inc., Audiam, Inc.