LyricFind Logo
LyricFind Logo
Profile image icon
Lyric cover art

Recto Verso

•

2024

Nou Se Ayisyen

Apple Music logo
Deezer logo
Spotify logo
Lyrics
Si nou fè yon sèl
Map santi'm fyè pou mwen rele ou frè
Si nou Chase èn
Ap gen plis plas pou lanmou anndan kèn
Nou se neg ginen
Nou konn sak rele goumen
Men fèl antre nou
Sa pap itil nou anyen
Mete men nan men
Pou konstwi yon sèl chimen
Nou dwe yon exemple
Pou pitit nou demen

Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Nou se ayisyen
Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Pitit nèg ginen yo

Si nou met ògèy
Nou de kote
k fèn santi'n siperyè
De yon lòt konfrè
Pou w rabese l
Pran poz pale fransé
Fòs nou se l'inyon
Se Solide youn ak lòt
Se lanmou peyi
Ki ka fè nou patryòt
Pa kite divizyon
Fè fèb santi yo pi fò
Moun sa yo se pwazon
Fòs nou ka fè antidòt

Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Nou se ayisyen
Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Pitit nèg ginen yo

Nou se
Diri sòs pwa
Sòs kalalou e lè pwa
Manke pwa n ranplase l
Pa lalo
Nou se
Pitimi ak pwa kongo sèch
Manje kwit pa gen mèt
Peyizan pa konn chich
Nou se
Nou se gwo venn ki ponpe san,
Gwo chwal kolonizatè n ponpe sa
Nou se
Kwa dè kwa (Kwa)
Kwa senbo (bo)
Ayisyen pa nan kwelekwe
Nou se tèt sitadèl pa pote boure
Nou se pèp ki rebèl pa pote foure
Zansèt yo imòtèl
Ann fè yo souri
Kontinye met kolon
Nan pete kouri
Nou se bosal
Ki te kolboso yo
Nou se vokal
Ki kreve tenpan yo
Nou se kolòn vertébral
Linivè a (Black)
Nou pap janm pou nan vè yo

Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Nou se ayisyen
Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Pitit nèg ginen yo

An nou chache limyè
Pataje konesans ak frè nou yo
An nou depoze zam yo
Pou chovi yo va gen yon avni demen

Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Kote ayisyen yo
Ohhh ohhh ohhh
Ohhh ohhh
Pitit Dessaline yo

WRITERS

Richard Verdieu, Roosevelt Saillant

PUBLISHERS

Lyrics © MASTERROOM MUSIC

Share icon and text

Share


See A Problem With Something?

Lyrics

Other

More From This Album

Lyric cover art

Recto Verso

2024

01

Nou Se Ayisyen

BIC Tizon Dife, Richy Jay

02

Où s'en va le monde

Richy Jay

03

Tout ça

Richy Jay

04

Changer

Ana Lia, Richy Jay

05

Dis-le moi

Richy Jay

06

Je t'attendrai

Antonny Drew, Richy Jay

07

Donky (Koupe Dekale)

Gino Zokot, Richy Jay

08

En dedans

EkaySounds, Richy Jay

09

Medikaman

Richy Jay

10

Monde parallèle (Monde parallele)

Richy Jay

From This Artist